Patisipan yo

AmeriHealth Caritas Florida ta renmen konnen sa ou panse

Yon moun gendwa kontakte w pou mande w patisipe nan yon sondaj satisfaksyon konsènan sèvis sante ou resevwa yo nan men AmeriHealth Caritas Florida. Repons ou yo ap ede nou fè sa ki nesesè pou ba w bonjan swen ak sèvis.

Si w gen nenpòt kesyon oswa si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou sondaj la, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). Ekip sa a disponib 24 sou 24, 7 sou 7, 365 jou nan ane a.

N ap pran devan nan swen bon kalite

AmeriHealth Caritas Florida kontan genyen w kòm patisipan. Nou vle ba ou yon plan swen sante ki fasil pou itilize ak konprann. Seksyon sa a nan sit nou an se pou patisipan nou yo sèlman.

Konekte sou pòtay patisipan an pou wè yon istorik swen ou resevwa yo, benefis ou, ak plis bagay toujou.

Sèvi avèk navigasyon an agòch ou pou ede w jwenn sa w bezwen an. Si w bezwen èd oswa si ou gen kesyon, rele Sèvis pou Patisipan yo nan AmeriHealth Caritas Florida nan 1-855-355-9800.

Konfidansyalite w enpòtan pou nou. Tanpri li oswa enprime yon kopi Avi sou Pratik Konfidansyalite yo (PDF).