Prepare pou yon siklòn

Siklòn Idalia an 2023

Pou manm nou yo ki afekte akoz siklòn Idalia a, nou la pou ede nou.

  • Moun ki rete nan konte sa yo kapab al chèche medikaman nan famasi pi bonè: Alachua, Baker, Bay, Bradford, Brevard, Calhoun, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Dixie, Duval, Flagler, Franklin, Gadsden, Gilchrist, Gulf, Hamilton, Hardee, Hernando, Hillsborough, Jefferson, Lafayette, Lake, Lee, Leon, Levy, Liberty, Madison, Manatee, Marion, Nassau, Orange, Osceola, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, Sumter, Suwannee, Taylor, Union, Volusia ak Wakulla.
  • Depatman Timoun ak Fanmi Florid la (DCF) te ouvri sant sipò ak resous pou fanmi li yo pou pèmèt moun yo jwenn resous sekou pou katastwòf. Ale sou sitwèb sant sipò ak resous pou fanmi an pou jwenn dènye enfòmasyon ki disponib yo. Epitou, ou kapab rele nan 1-850-300-HOPE (4673) pou pale avèk yon Hope Navigator pou jwenn èd.
  • Ale sout www.floridadisaster.org/updates pou jwenn plis enfòmasyon sou chèltè yo, asistans alimantè a, sit distribisyon yo ak lòt bagay ankò.

Tanpri kontakte ekip sèvis pou manm AmeriHealth Caritas Florida yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856) si w bezwen plis èd.

Prepare yon plan

  • Kòmanse reflechi sou kote ou menm ak fanmi w prale pandan yon ijans ki parèt akoz move tan. 
  • Si w gen bèt lakay ou, ou ta dwe chèche yon kote pou mete yo poutèt chèltè ijans yo pa konn aksepte bèt.
  • Sonje ou ka gen aksè nan sèvis telemedsin pou bezwen medikal ou yo pandan yon tanpèt.
  • Konsilte enstriksyon yo pou chèltè ki nan zòn ou an alavans pou konnen si gen tès depistaj yo mande oswa si yo gen kèk egzijans akoz COVID-19 la.
  • Si w gen kèk bezwen espesyal, ale sou Entènèt epi anrejistre nan chèltè pou moun ki gen bezwen espesyal ki nan konte w la.  

Konsilte yon lis chèltè nan chak konte

Prepare yon bwat pou ka ijans.

  • Prepare kèk atik tankou medikamanm, manje ak boutèy dlo.
  • Si w gen entansyon ale nan yon chèltè, ou ta dwe pote kèk ekipman pwoteksyon pèsonèl tou, tankou kach-nen ak dezenfektan pou men.

Atik ki rekòmande yo

Rete okouran sa k ap pase

  • Koute nouvèl yo lè gen yon tanpèt oswa yon siklòn ki toupre w. Obeyi otorite yo si bay lòd pou evakye zòn nan. Pa tann jis nan dènye minit pou w pati.
  • Pou kontakte AmeriHealth Caritas Florida nan ka ijans akoz move tan, rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). Epitou, ou kapab tcheke sitwèb nou an pou jwenn dènye enfòmasyon ki disponib yo.
  • Si w gen difikilte pou jwenn medikaman anvan ou evakye akoz yon tanpèt, tanpri rele ekip sèvis famasi pou manm yo nan 1-855-371-3963.

Lòt sitwèb sa yo kapab ede w anvan oswa pandan yon ka ijans ki parèt akoz move tan: