Benefis

Manm AmeriHealth Caritas Floridayo benefisye anpil prestasyon ak sèvis swen sante. Kèk nan prestasyon sa yo se prestasyon pou swen medikal, prestasyon pou medikaman ak prestasyon pou swen vizyon. Mete sou sa, ou ka benefisye sèvis sante konpòtmantal.

Jwenn plis enfòmasyon sou prestasyon ou ka benefisye yo:

  • Sèvis ak prestasyon etandi (siplemantè) plan an peye pou yo (PDF)
    Gade ti liv pou manm yo pou wè yon lis ki gen tout sèvis plan nou an peye pou yo.
  • Sante konpòtmantal ak tretman pou abi sibstans
    Jwenn plis enfòmasyon sou prestasyon ak sèvis ou ka benefisye pou sante mantal ou.
  • Transpò ki pa ijan
    Jwenn transpò pou al kay doktè w yo ak nan etablisman sante san sa pa koute w anyen! Ale nan egzamen sante ou gen pou fè chak ane a, nan randevou sèvis sante konpòtmantal, nan sant swen rapid ak nan famasi pou al chèche medikaman w yo.
  • Prestasyon pou medikaman
    Tcheke prestasyon pou medikaman ou ka jwenn lè ou ale nan yon famasi ki fè pati rezo nou an. Konsilte katalòg prestasyon san preskripsyon (PDF) an. Ou ka chwazi pwodui pou yo livre lakay ou pami plis pase 300 pwodui ki disponib (limit la se $25 chak mwa).
  • Gwosès ak manman ki fèk akouche yo
    Jwenn resous k ap ede w rete an sante pandan gwosès ou e k ap ede tibebe w fèt an sante.
  • Prestasyon pou swen vizyon
    Tcheke prestasyon pou swen vizyon ki disponib pou w yo.
  • Ou bezwen yon smatfòn?
    Antanke manm AmeriHealth Caritas Florida, depi ou kalifye, ou ka resevwa yon smatfòn* san sa pa koute w anyen. Li gen yon kantite done Entènèt ak minit ki limite chak mwa, ak yon kantite mesaj tèks ki pa gen limit.* Pou jwenn plis enfòmasyon e pou aplike pou yon smatfòn, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). *Limit la se youn pou chak fwaye.

Si w gen kesyon sou prestasyon w yo, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan nimewo gratis 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856)