Jwenn yon doktè, yon medikaman, yon famasi oswa yon konpayi transpò

Itilize lyen ki anba yo pou jwenn yon doktè, yon lopital oswa yon lòt pwofesyonèl oswa etablisman sante ki patisipe nan rezo AmeriHealth Caritas Florida a.

Jwenn swen ou bezwen yo

Lis founisè pou enprime

  • Pwofesyonèl sante esansyèl (PDF)
    Pwofesyonèl ak etablisman ki esansyèl se plan fakilte nan lekòl medikal Florid, sant swen entansif perinatal rejyonal (RPICCs), lopital espesyalize pou timoun, pwofesyonèl sante ki sèvi timoun ki gen bezwen medikal ki konplèks, ak lopital ki espesyalize nan tretman kansè, jan Eta a detèmine sa.

Drug formularies

Transpò

Transpò ijan

Pou transpò ijan, rele 911.

Transpò ki pa ijan

Yon fason ou ka jere transpò w pi fasil se itilize: MTM Link! (sa ouvri yon lòt fenèt)

  1. Ale sou https://mtm.mtmlink.net (sa ouvri yon lòt fenèt) sou nenpòt navigatè Entènèt
  2. Anrejistre ak yon adrès imèl.
  3. Konekte epi kòmanse!

      Ou bezwen nou ede w?

      Si w gen kesyon, tanpri rele Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800. Tanpri rele Sèvis pou Patisipan yo si:

      • Ou gen yon kesyon sou kijan pou w sèvi avèk lis founisè nou yo.
      • Ou vle plis enfòmasyon sou founisè nou yo, tankou paregzanp:
        • Edikasyon yon founisè.
        • Fòmasyon medikal yon founisè.
        • Ras oswa etnisite yon founisè.

      Nou mete lis founisè anliy nou an ajou chak jou, depi nan lendi rive nan vandredi.