Telehealth
Ki sa telemedsin ye?
Telemedsin vle di ou ka kominike ak yon pwofesyonèl sante san ou pa ale nan biwo li*. Mande pwofesyonèl sante si w ka:
- Gen yon konvèsasyon videyo ak pwofesyonèl sante w la atravè yon òdinatè, yon tablèt oswa yon smatfòn.
- Voye pwofesyonèl sante w mesaj tèks sou yon pòtay sekirize sou Entènèt.
- Pale ak pwofesyonèl sante w nan telefòn.
*Gen kèk pwofesyonèl sante ki pa bay sèvis sa yo.
Sèvis telemedsin MDLIVE®
AmeriHealth Caritas Florida ap peye pou randevou telemedsin avèk MDLIVE san sa pa koute manm yo anyen. Pwofesyonèl sante MDLIVE yo ka ede w 24 sou 24, 7 sou 7, 365 jou nan ane a, ak plis pase 80 pwoblèm sante komen, tankou:
- Alèji oswa pwoblèm sinis.
- Sentòm rim oswa grip.
- Konstipasyon oswa dyare.
- Doulè nan zòrèy (pou moun ki gen 4 lane oswa plis).
- Maloje.
- Iritasyon sou po a.
- Pwoblèm respirasyon.
- Malgòj.
- Vant fè mal.
- Enfeksyon kanal pipi a
- (pou fi ki gen 18 lane oswa plis).
- Ak plis bagay toujou.
Genyen anpil fason ou ka enskri pou MDLIVE® oswa kominike ak yon pwofesyonèl sante MDLIVE:
-
Telechaje aplikasyon MDLIVE la nan boutik Google Play™ oswa nan Apple App Store®.
- Ale sou www.mdlive.com/acfl.
- Rele nan 1-877-601-0641.
- Voye tèks ACFL nan nimewo 635483.*
*Ou ka gen pou peye sa operatè telefòn mobil ou mande pou voye mesaj oswa pou itilize done sou Entènèt.
Ki teknoloji mwen bezwen pou yon randevou telemedsin?
Pou yon randevou videyo ak pwofesyonèl sante w oswa ak MDLIVE, w ap bezwen yon òdinatè, yon tablèt oswa yon smatfòn ki gen yon kamera e ki konekte ak Entènèt. Genyen kèk sèvis ou ka jwenn nan men pwofesyonèl sante w pa mwayen yon koutfil.
Ou pa gen smatfòn?
Antanke manm AmeriHealth Caritas Florida (si w kalifye), ou ka resevwa yon smatfòn* san ou pa peye pou sa pou itilize sèvis telemedsin. Prestasyon sa a mache avèk yon kantite done Entènèt ak minit ou resevwa chak mwa, yon kantite mesaj tèks ki pa limite, ak apèl telefòn gratis lè w ap rele ekip sèvis pou manm AmeriHealth Caritas Florida yo. Pou jwenn plis enfòmasyon e pou aplike pou yon smatfòn, kontakte patnè nou, SafeLink, nan 1-877-631-2550, epi mansyone kòd pwomosyon AMERIHEALTH.
Eseye suiv ti konsèy sa yo pou pi byen pwofite sesyon telemedsin ou.
Se pou w pare. Jwenn yon kote ki prive e ki trankil, epi mande lòt moun pa deranje w.
Teste ekipman w anvan sesyon an kòmanse pou asire w koneksyon an bon. Èske ou ta pito mete yon kas nan zòrèy ou?
Prepare nenpòt kesyon ou genyen, reflechi sou sentòm ou ta renmen l konnen ou genyen, epi pran yon plim ak yon papye pou ekri rekòmandasyon pwofesyonèl sante w la.
Si w gen kesyon, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan nimewo gratis 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856).