Jwenn Swen
Èske ou konnen kiyès ou sipoze rele oswa sa ou bezwen pou jwenn swen? AmeriHealth Caritas Florida vle pou w jwenn swen yon fason ki fasil pou w ka rete an sante.
Manm AmeriHealth Caritas Florida ka jwenn swen nan mwen pwofesyonèl lasante oswa nan lopital.
- Pwofesyonèl lasante ak lopital yo dwe fè pati rezo apwouve ki sou kontra avèk nou.
- Itilize ànyè pwofesyonèl lasante an pou jwenn yon pwofesyonèl lasante oswa yon lopital.
- Si ou pa wè pwofesyonèl ou bezwen an, rele Sèvis Manm lan gratis nan 1-855-355-9800. N ap jwenn yon pwofesyonèl lasante pou ou.
AmeriHealth Caritas Florida pral peye pou swen ki apwouve. Si AmeriHealth Caritas Florida pa apwouve swen ou, ou ka oblije peye pou swen an.
Si ou bezwen èd oswa ou gen nenpòt kesyon, rele Sèvis Manm lan nan 1-855-355-9800.
Konsèy pou travay nan tèt ansanm ak pwofesyonèl sante w
Nou ta renmen pou manm nou yo patisipe yon fason ki aktif nan swen sante yo resevwa yo. Pi bon fason pou fè sa se konsidere pwofesyonèl sante w yo tankou patnè pou swen w. Men kèk konsèy k ap ede w travay nan tèt ansanm ak pwofesyonèl sante w pou jwenn pi bon rezilta.
- Poze kesyon: Fè pwofesyonèl sante w konnen si w gen kesyon. Si gen yon bagay ou pa konprann, di l sa. Pwofesyonèl sante a la pou ba w esplikasyon ak enstriksyon.
- Se pou ou onèt: Lè ou bay pwofesyonèl sante w verite, se ede ou ede l chwazi pi bon plan tretman pou ou a.
- Ale nan randevou w yo: Si w pa kapab ale nan yon randevou, pa bliye rele biwo a pou anile randevou a.
- Pa rive anreta: Veye pou w rive alè nan randevou w yo. Si pa fè sa, ou gendwa fè pwofesyonèl sante w pran reta nan travay li.
- Pran nòt: Ekri bagay ki pi enpòtan pwofesyonèl sante w di w yo. Sa ka ede w sonje sa l te di pandan randevou a.
Fason ou ka prepare pou vizit ou kay pwofesyonèl sante w (PDF).