All Wè yon Espesyalis

Yon espesyalis se yon doktè ki pratike yon sèten branch lamedsin. PCP ou fòme pou trete pifò pwoblèm medikal. Sepandan, gen dèfwa ou gen dwa bezwen wè yon doktè ki se yon espesyalis. PCP a ap ede w deside kilè pou wè yon espesyalis. AmeriHealth Caritas Florida ap kouvri vizit ki fèt nan rezo li. Pa gen limit sou konbyen fwa ou ka wè espesyalis yo.

Toujou tcheke avèk PCP ou anvan w al wè yon espesyalis. Fanm ak tifi ka al wè yon OB/GYN nenpòt ki lè. Pou plis enfòmasyon, kontakte nou nan nimewo gratis Sèvis Manm lan, ki se 1-855-355-9800.

AmeriHealth Caritas Florida ap peye pou swen ki apwouve. Si AmeriHealth Caritas Florida pa apwouve swen ou, ou ka oblije peye pou swen an.

Si ou bezwen èd oubyen ou gen nenpòt kesyon, rele Sèvis Manm lan nan 1-855-355-9800.