Sèvis Espesyal

Jesyonè Swen nou yo kapab kowòdone swen w yo

Gen patisipan ki gen dwa bezwen sèvis ki pa fè pati benefis AmeriHealth Caritas Florida ofri yo. Yo rele yo sèvis ekskli. Si w kalifye, Jesyonè Swen nou yo kapab refere w pou sèvis sa yo. Yo kapab jere swen w yo.

Pou konnen si ou oswa manm nan fanmi ou kalifye pou sèvis ekskli, rele Ekip Entèvansyon Rapid ak Sansibilizayon nou an nan 1-855-371-8072 (TTY 711), depi nan lendi rive nan vandredi, apati 8 a.m. jiska 5 p.m. Ou kapab pale tou avèk Jesyonè Swen AmeriHealth Caritas Florida ba ou a.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis ekskli AmeriHealth Caritas Florida yo (PDF).

Men kèk egzanp sèvis ekskli:

  • Swen pedyatrik pwolonje sou òdonans (PPEC). Se gadri kalifye pou jiska 12 èdtan. . PPEC se pou patisipan ki fèk fèt rive jiska laj 20 tan. Li gen ladan sèvis enfimye, swen pèsonèl, terapi devlòpman, ak fòmasyon founisè swen yo.
  • Sèvis lakay ak nan kominote iBudget (HCBS). HCBS kite patisipan yo resevwa swen lakay yo. Pou kalifye, patisipan an dwe gen yon andikap fizik oswa yon maladi mantal grav. Sèvis sa a se pou patisipan ki gen omwen 3 zan.
  • Sèvis pwogram nan lekòl avèk sètifikasyon Medicaid. Li ofri sèvis ki nesesè medikalman. Se pou timoun ki gen mwens pase laj 21 nan nan kad lekòl la. Pami sèvis yo gen swen enfimye, medikaman, terapi, ak sèvis travayè sosyal.
  • Sèvis nan etablisman swen entèmedyè. Yo se sèvis swen 24 sou 24 pou patisipan nenpòt ki laj. Yo kapab bay sèvis sa yo lakay. Patisipan yo dwe gen toude andikap entelektyèl ak devlòpman pou yo kalifye.
  • Analiz konpòtman (BA). Sèvis sa a se pou patisipan ki gen mwens pase laj 21 nan. Pou kalifye, patisipan yo dwe gen yon dyagnostik otis oswa twoub espèk otis.
  • Benefis dantè. Apati 1ye desanm 2018, w ap oblije enskri nan yon plan dantè.  Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856).