Viris Zika: Sa W Dwe Konnen

Viris Zika a se yon maladi ou kapab pran lè marengwen ki pote viris la mòde ou oswa lè w fè sèks san pwoteksyon. Li kapab lakòz ti sentòm tankou lafyèv, iritasyon, je wouj, ak doulè nan jwenti ki dire apeprè 1 semèn. Gen moun ki pa remake ankenn sentòm. Yon tès san se sèl jan pou konfime yon moun gen viris la.

Se pa tout maregwen ki pote viris Zika. Men yon fi ansent ki gen Zika (PDF) kapab bay tibebe ki nan vant li a viris la. Sa kapab koze sèten defo nan nesans. Se poutèt sa ou dwe pran Zika seryèzman.

Pa gen vaksen ni medikaman pou anpeche viris Zika a. Pi bon pwoteksyon kont viris la se evite pou marengwen mòde w pandan ete a:

  • Mete mayo manch long ak pantalon long lè w deyò.
  • Mete yon anti-marengwen Ajans Pwoteksyon Anviwònman an apwouve.
  • Kenbe pòt yo ak fenèt yo fèmen oswa mete moustikè ki byen ajiste pou anpeche marengwen yo antre.
  • Vide dlo ki tonbe nan bagay tankou po plant, vye kawoutchou, bokit, ak pisin pou marengwen yo pa kapab ponn ze ladan yo.
  • Pa fè sèks san pwoteksyon.

Pifò ka viris Zika yo parèt nan Etazini. Se poutèt sa tout moun dwe konnen danje posib la. Si w ansent epi ou panse ou te pran kontak ak viris Zika, rele founisè swen sante w lan.

Tanpri ale sou sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo (Centers for Disease Control and Prevention, CDC pou plis enfòmasyon.