Materyèl edikasyon

Ou gen dwa pou wè enfòmasyon sante AmeriHealth Caritas Florida genyen sou ou atravè sitwèb ak aplikasyon mobil ki pa anba kontwòl AmeriHealth Caritas Florida. Nan dokiman sa a, mo "aplikasyon" an fè referans ak sitwèb oswa aplikasyon sa yo.

Ou ka chèche aplikasyon sa yo sou Entènèt. Kou ou jwenn yon aplikasyon ou renmen, ou ka chèche epi chwazi "AmeriHealth Caritas Florida" nan aplikasyon an pou konekte. Si w ta renmen sispann pataje done w yo avèk aplikasyon an, ou dwe fè sa atravè pòtay manm AmeriHealth Caritas Florida la (ouvri yon lòt fenèt).

Enfòmasyon sante ou pataje ak yon aplikasyon yo gen ladan yo enfòmasyon AmeriHealth Caritas Florida te resevwa sou ou depi 1ye janvye 2016. Se enfòmasyon sou:

  • Demann peman nou jwenn nan men pwofesyonèl sante ki te trete w yo.

  • Vizit ou te fè kay pwofesyonèl sante.
  • Egzamen medikal ou yo.
  • Done klinik AmeriHealth Caritas Florida te resevwa pandan li t ap ba w sèvis jesyon dosye, kowòdinasyon swen oswa lòt swen.

Enfòmasyon AmeriHealth Caritas Florida t ap pataje ak yon aplikasyon ka gen ladan yo enfòmasyon sou nenpòt dyagnostik oswa swen ou te resevwa pou:

  • Pwoblèm abi sibstans.

  • Pwoblèm sante mantal.
  • VIH/SIDA.
  • Lòt pwoblèm sante ki sansib.

ENPÒTAN: Aplikasyon ou chwazi a(yo) ap kapab wè epi itilize enfòmasyon sante AmeriHealth Caritas Florida genyen sou ou. Aplikasyon sa yo pa gen obligasyon pou yo pwoteje enfòmasyon sante w yo menm jan ak AmeriHealth Caritas Florida. Yo pa oblije respekte lwa HIPAA a (Health Insurance Portability and Accountability Act) ni lòt lwa sou konfidansyalite done sante yo.

Sèl obligasyon konpayi ki fè aplikasyon sa yo genyen se respekte règleman konfidansyalite ki nan aplikasyon yo ak nan boutik aplikasyon yo. Règleman konfidansyalite sa yo sipoze esplike ki jan konpayi sa yo pral itilize epi pataje done sante w yo. Anvan ou mande nou voye done sante w yo bay yon aplikasyon, li règleman konfidansyalite aplikasyon an ak anpil atansyon e asire w ou konprann li. Se ou ki responsab pou risk la lè ou fè AmeriHealth Caritas demann sa a.

Bagay pou reflechi lè ou chwazi yon aplikasyon

  • Èske aplikasyon an (ak kote li ye nan boutik aplikasyon an) gen yon lyen pou konsilte yon règleman konfidansyalite? Si li pa gen sa, nou vrèman konseye w pa itilize aplikasyon an.

  • Èske aplikasyon sa a pral vann oswa pataje done m yo? Si li fè sa, ak ki lòt konpayi li pral fè sa? Poukisa (pou reklam oubyen pou rechèch)?
  • Ki jan aplikasyon sa a pral itilize done m yo? Nan ki objektif?
  • Èske aplikasyon an pèmèt mwen mete limit sou fason li itilize, vann oswa pataje done m yo?
  • Si mwen pa vle pou aplikasyon sa a itilize done m yo ankò, ki sa mwen bezwen fè?
  • Si mwen vle pou konpayi k ap jere aplikasyon an efase tout done m yo, ki sa mwen bezwen fè?
  • Ki jan aplikasyon sa a pral fè m konnen chanjman li pote nan pratik konfidansyalite l yo?
  • Èske aplikasyon sa a pral anrejistre done ki pa gen rapò ak sante mwen sou aparèy mwen, tankou kote m ye a?
  • Ki sa konpayi k ap jere aplikasyon an fè pou pwoteje done m yo nan aplikasyon an?
  • Si mwen pataje done m yo ak aplikasyon sa a, ki enpak sa pral genyen sou lòt moun, tankou fanmi mwen?
  • Èske mwen pral gen posiblite korike done ki pa kòrèk yo nan aplikasyon an? (Si w korije yon done nan aplikasyon an, sa pap korije l nan sistèm AmeriHealth Caritas Florida yo. Ou ta dwe kontakte AmeriHealth Caritas Florida pou jan de chanjman sa yo.)
  • Si mwen gen yon pwoblèm ak aplikasyon an oswa si mwen ta renmen depoze yon plent bay konpayi k ap jere aplikasyon an, ki jan mwen ka fè sa?

Si w pa satisfè ak fason règleman konfidansyalite aplikasyon an reponn kesyon sa yo, AmeriHealth Caritas Florida vrèman konseye w pa itilize aplikasyon an. Enfòmasyon sante w yo ka sansib. Veye pou aplikasyon an gen yon règleman konfidansyalite ki klè ki montre konpayi k ap jere aplikasyon an pran konfidansyalite ak sekirite done w yo oserye.

Jwenn plis enfòmasyon sou konfidansyalite ak sekirite aplikasyon yo

Pifò aplikasyon ki pèmèt ou konsilte done sante AmeriHealth Caritas Florida genyen sou ou yo pa oblije respekte règ konfidansyalite ak sekirite ki nan lwa HIPAA a. Yo annik gen pou yo respekte pwòp règleman konfidansyalite pa yo. Si yon aplikasyon pa respekte pwòp règleman konfidansyalite pa l la, ou ka depoze yon plent bay Komisyon Komès Federal Etazini an (ouvri yon lòt fenèt).

Biwo pou Dwa Sivil la (OCR), ki fè pati Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini an, veye pou moun yo respekte règ konfidansyalite ak sekirite ki nan lwa HIPAA a. AmeriHealth Caritas Florida dwe respekte règ sa yo. Jwenn plis enfòmasyon sou dwa w yo anba lwa HIPAA a (ouvri yon lòt fenèt). Jwenn plis enfòmasyon sou fason ou ka depoze yon plent bay OCR (ouvri yon lòt fenèt).

Epitou, ou ka depoze yon plent bay AmeriHealth Caritas Florida. Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TDD 1-855-358-5856).