Plent, Griyèf, Apèl, ak Odyans Ekitab sou zafè Medicaid

Si w pa kontan de plan w lan oswa de swen ou resevwa yo nan men yon founisè oswa yon soutretan, ou kapab rele Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856)pou pale avèk yon reprezantan. AmeriHealth Caritas Florida la pou ede w.

Yon plent se yon bagay k ap trakase w oswa yon pwoblèm ou genyen ki gen pou wè avèk kouvèti w lan, swen, oswa sèvis ou resevwa yo kòm manm nan AmeriHealth Caritas Florida. Si w pote plent, AmeriHealth Caritas Florida pral rezoud li disi fen pwochen jou louvrab la, sinon l ap transfere li nan sistèm griyèf la disi fen pwochen jou louvrab la.

Griyèf ak apèl se de diferan tip plent ou kapab pote yo.

Griyèf

Yon griyèf se tip plent ou kapab pote a lè ou pa kontan de plan nou an oswa de youn nan founisè nou yo. Men kèk sijè griyèf posib:

  • Kalite swen yo.
  • Kalite sèvis ou resevwa yo.
  • Mank respè pou dwa w yo kòm patisipan.

Kijan pou w soumèt yon griyèf

Si w vle soumèt yon griyèf, rele Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856), 24 sou 24, sèt jou sou sèt. N ap ede w konprann pwosesis la epi fè aranjman pou ankadre w nan kèlkeswa lang ou pale a. Kòm patisipan, ou kapab soumèt yon griyèf nenpòt ki lè.

Ou kapab ekri yon lèt tou pou pale nou de griyèf ou a. Nenpòt ki moun ou fè konfyans kapab ede w ekri lèt la. Adrès nou se:

AmeriHealth Caritas Florida
P.O. Box 7368
London, KY 40742

Ki sa k ap rive lè ou fin soumèt yon griyèf

  • AmeriHealth Caritas Florida ap voye yon lèt ba ou pa lapòs disi senk jou pou fè w konnen nou resevwa griyèf ou a.
  •  Nan sèten ka, sa gen dwa pran plis tan pou nou jwenn enfòmasyon pou ede nou egzamine griyèf ou a. Ou kapab atann ou aske AmeriHealth Caritas Florida pran yon desizyon epi voye yon repons ekri ba ou disi 90 jou apre nou fin resevwa griyèf ou a. Tan pou pran desizyon sou griyèf ou a kapab pwolonje 14 lòt jou si enfòmasyon n ap tann yo ta kapab ede nan griyèf ou a.

Lè nou fin pran yon desizyon, n ap voye yon avi (yon lèt) pou ou pa lapòs k ap gen bagay ki annapre yo ladan:

  • Desizyon nou an.
  • Dat nou pran desizyon nou an.

Apèl

Yon apèl se tip plent ou fè a lè w vle plan nou an reflechi sou chanje yon desizyon nou pran sou yon sèvis oswa yon benefis ou oswa founisè w lan mande.

Ou dwe soumèt apèl ou a disi 60 jou kalandriye apati dat ki sou Avi sou Desizyon Defavorab konsènan Benefis la (yon lèt) nou voye ba ou a. Ou gen dwa soumèt apèl ou a pa telefòn oswa alekri. Si w soumèt apèl ou a pa telefòn, ou dwe voye nou yon avi ekri, siyen (yon lèt apèl) disi 10 jou kalandriye apre apèl pa telefòn ou an. N ap sèvi avèk dat apèl pa telefòn ou an kòm dat kòmansman apèl ou a.

Kijan pou w soumèt yon apèl

  • Enprime epi ranpli fòmilè apèl sa a (PDF).
  • Ou kapab kontinye resevwa sèvis pandan n ap egzamine apèl ou a. Ou gen dwa oblije peye pou sèvis yo si nou rejte apèl ou a.
  • Ou kapab mande nou pwolonje tan egzamen an pou apèl ou a rive jiska 14 jou kalandriye si ou gen plis enfòmasyon pou ede nou deside. Rele Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856) pou fè nou konn sa.
  • Disi 30 jou kalandriye, AmeriHealth Caritas Florida ap rezoud kesyon an. N ap voye ba ou yon Avi sou Rezolisyon Apèl Plan (yon lèt) pou mete w okouran rezilta a. Si AmeriHealth Caritas Florida bezwen plis tan pou egzamine apèl ou a, n ap mete w okouran alekri rezon reta a disi de jou kalandriye apre nou tabli sa. N ap fè w konnen poukisa nou bezwen pwolonje tan egzamen an.

Yon apèl akselere (rapid) se sa ou mande lè ou oswa founisè w lan panse sante w an danje epi nou dwe pran yon desizyon nan mwens pase 30 jou kalandriye. Pou ou oswa founisè w lan mande yon apèl akselere nou gen dwa rele 1-855-371-8078.

AmeriHealth Caritas Florida pral kòmanse egzamine apèl akselere w lan jou nou resevwa li a. N ap reponn disi 48 èdtan. .

N ap eseye mete w okouran pa telefòn toudabò. Epitou n ap voye ba ou pa lapòs yon Avi sou Rezolisyon Apèl Plan (yon lèt) sou desizyon an.

Si w mande pou nou akselere yon apèl epi nou deside sa pa nesesè, n ap egzamine apèl la nan delè nòmal pou apèl la (30 jou kalandriye). N ap mete w okouran pa telefòn menm jou nou deside apèl akselere a pa nesesè. Epitou w ap resevwa yon avi ekri (yon lèt) disi de jou kalandriye si delè apèl ou a chanje. 

Voye apèl la bay:

AmeriHealth Caritas Florida
P.O. Box 7368
London, KY 40742

Ou p ap pèdi patisipasyon w nan  AmeriHealth Caritas Florida si ou soumèt yon apèl. Ou p ap pèdi benefis swen sante w yo si ou soumèt yon apèl.

Nonmen yon reprezantan

Lwa sou konfidansyalite yo egzije konsantman ekri yon patisipan pou kite yon moun ki pa patisipan an resevwa enfòmasyon sou swen patisipan an. Pou nonmen yon reprezantan pou mande yon apèl oswa pou soumèt yon griyèf ou kapab ranpli Fòmilè Nominasyon Reprezantan Patisipan an (PDF).

Odyans ekitab sou zafè Medicaid

Ou kapab mande yon odyans ekitab sou zafè Medicaid si ou deja pase pa pwosesis apèl AmeriHealth Caritas Florida la. Tanpri note patisipan yo nan Medikids pa kalifye pou patisipe nan pwosesis odyans ekitab sou zafè Medicaid la.

Ou dwe mande yon odyans ekitab disi 120 jou kalandriye apati dat avi a (lèt la) sou rezolisyon apèl ou a. Avèk apwobasyon ekri ou, ou kapab chwazi yon moun pou pale pou ou nan odyans ekitab sou zafè Medicaid la. Odyans ekitab sou zafè Medicaid la ap fèt kot Ajans pou Administrasyon Swen Sante a (Agency for Health Care Administration, AHCA).

Ajan odyans la ap pran yon desizyon baze sou règleman yo, fè yo montre pandan odyans la, ak sa yo soumèt apre odyans la. Yon desizyon yo pran nan yon odyans ekitab sou zafè Medicaid final epi ou pa kapab fè apèl li.

Pou mande yon odyans ekitab sou zafè Medicaid ou kapab ekri:

Agency for Health Care Administration Medicaid Hearing Unit
P.O. Box 60127
Ft. Myers, FL 33906

Epitou ou kapab mande yon odyans ekitab sou zafè Medicaid lè ou:

Patisipan yo nan Medikids — se eta a ki fè egzamen an

Patisipan yo nan Medikids ki pa dakò avèk yon desizyon apèl gen dwa mande pou eta a fè yon egzamen. Lè ou mande egzamen, yon ajan odyans k ap travay pou eta a ap egzamine desizyon yo te pran pandan apèl plan an.

Ou gen dwa mande pou eta a fè yon egzamen nenpòt ki lè nan yon delè 30 jou kalandriye apre ou fin resevwa Avi sou Rezolisyon Apèl Plan an. Ou dwe fini avèk pwosesis apèl plan w lan anvan.

Pou mande eta a fè egzamen ou gen dwa ekri:

Agency for Health Care Administration Medicaid Hearing Unit
P.O. Box 60127
Ft. Myers, FL 33906

Epitou ou kapab mande pou eta a fè egzamen lè ou: