Aplikasyon Mobil

Jere swen sante ou avèk aplikasyon mobil AmeriHealth Caritas Florida la. Jwenn pwofesyonèl lasante ki toupre ou, gade kat idantite manm ou, epi gade enfòmasyon sou sante ou.

Aplikasyon mobil lan disponib pou iPhone ak telefòn entelijan Android sou non "PHC mobil."

Apple App Store

Get it on Google Play

Karakteristik


Digital ID Card

Kat Idantite Dijital

Kounye a, w ap toujou gen kat manm ou avèk ou! Annik chwazi "ID CARDS" nan meni aplikasyon an epi montre ekran an pwochèn fwa w al kay doktè.


Find a provider

Jwenn yon pwofesyonèl lasante

Jwenn yon pwofesyonèl lasante ki asepte asirans AmeriHealth Caritas Florida ou. Chèche dapre non, spesyalite, kondisyon medikal, oswa kote l chita. Li posib pou ou kontakte pwofesyonèl lasante yo avèk yon sèl klik sou aplikasyon an.


Contact us

Kontakte nou

Ou bezwen mande yon nouvo kat idantite oswa yon mànyèl pou manm? Ou kapab kontakte nou dirèkteman sou aplikasyon an.


Calendar icon

Istorik/Antesedan Medikal ou

Aplikasyon nou an fè li pi fasil pou ou rete okouran istorik/antesedan medikal ou. Gade lis tout sèvis medikal ou resevwa nan lepase.


Aplikasyon mobil AmeriHealth Caritas Florida la, se yon fason rapid e fasil pou jere sante ou. Telechaje aplikasyon an jodi a, gratis. Aplikasyon an disponib an panyòl tou.

Ou pa gen yon telefòn entelijan?

Jere swen ou e resevwa enfòmasyon enpòtan sou sante ou sou pòtay manm nou an.

Jwenn enfòmasyon sou konfidansyalite done lòt moun oswa lòt òganizasyon