Enfòmasyon pou Ou
Twous tès COVID-19 a domisil
Se Ajans pour Administrasyon Swen Sante a (AHCA) ki mande nou pataje enfòmasyon sa yo avè w.
- Manm yo dwe gen yon preskripsyon pou yo jwenn yon twous tès COVID-19 a domisil ki kalifye.
- Pwofesyonèl swen prensipal la oswa yon famasyen ka ekri preskripsyon an.
- Twous tès ki kalifye yo se sila ki vini sou fòm yon bwat ki gen yon sèl oswa de tès sèlman.
- Plan an peye pou yon maksimòm kat tès chak mwa pou chak manm.
- Manm yo tès yo san yo pa peye anyen.
- Manm yo dwe pote yon preskripsyon ansanm ak kat idantifikasyon yo antanke manm AmeriHealth Caritas Florida nan famasi a.
- Se famasi ki fè pati rezo a sèlman ki gen dwa pou distribye tès yo.
- Plan an pa p ranbouse okenn acha yon manm fè ak pwòp lajan pa l pou yon tès.
- Direktiv Alavans
- Plent, griyèf, apèl, ak odyans Medicaid san patri pri
- Enfòmasyon sou medikaman yo mande retounen
- Bilten enfòmasyon manm
- Dwa ak responsabilite manm (PDF)
- Done pou mezire pèfòmans AmeriHealth Caritas Florida
- Pratik sou zafè prive
- Rapòte fwòd, gaspiyaj, ak abi
- Glosè Just Plain Clear® lan gen plizyè milye tèm medikal yo esplike an mo senp. Li ka ede w konprann sa w ap li an lè w ap pran yon desizyon medikal. Glosè a gen ladan tèm ak definisyon nan lang angle, panyòl, ak pòtigè.
Rezon ki fè AmeriHealth Caritas Florida bay lyen ki mennen sou Glosè Just Plain Clear la, se pou bay enfòmasyon sèlman. AmeriHealth Caritas Florida pa soutni Glosè Just Plain Clear la epi li pa afilye avèk UnitedHealth Group.
Si w gen nenpòt kesyon sou enfòmasyon manm, rele Sèvis Manm AmeriHealth Caritas Florida lan nan 1-855-355-9800.